illinois Digital News

En Direct | Premye Okazyon | 06 Juillet 2022

0



Premye Okazyon | 06 Juillet 2022
Présentation : Roberde CÉLINÉ (Bob C.), Dieuseul GUERRIER & Pierre-Renel RENÉ (PRR).
Météo avec Chrisnette SAINT-GEORGES.
Kijan Potoprens leve maten an? avec Mackenson RÉMY (4*4).

Les titres
1.- Demen jedi 7 jiye a ap make yon lane depi asasina prezidan Jovenel MOISE.
Patizan li yo komanse chofe ,yo prevwa okipe beton nan potoprens ak nan dives vil pwovens 7 ak 8 jiye 2022 a.
Jovenelis yo di yo pare pou entepele lespri yo,yon fason pou pemet limye fet sou vre sikonstans asasina 58em prezidan peyi a.

2.- 7 jiye 2021 ,yon komando konpoze ak mesene kolonbyen ,te pran daso rezidans prezidan Jovenel MOISE epi asasinen li.
Zak san parey sa reyalize ak yon fasilite ki etone anpil moun malgre dispozitit sikirite ki rezeve ak yon chef leta.
Yon lane apre ,lajistis toujou poko kapab idantifye moun kite planifye ep peyi pou komet krim sa .Sa ki pi tris la,peyi a kontinye konnen yon kriz politik san parey aloske opozan li yo te idantifye li kom prensipal moun ki anpeche kriz la rezoud.
Nap gen poun swiv Yon papye Jause Varin.

3.- Dives aktivite déjà komanse nan capital la lavey komemorasyon yon lane asasina prezidan Jovenel Moise 7 jiye 2021 pase a.
Si nan komin kafou patizan ak alye defen an oganize yon jounen refleksyon nan leyogan kote militan politik ak lot sitwayen te brase lide anba banye mouvman pwne final.
Anket kap menen sou dosye asasina Jovenel MOISE yo se yon katastwof ,dapre seten militant politik Diferan ki di yo pa we kle 12 mwa apre krim sa.

5.- Yon lane depi asasina Jovenel Moise, dosye sa toujou ap mache sou beki, dapre youn nan avoka fanmi Moise yo.
Met Emmanuel Jeanty ki denonse gouvenman sa ki plis vle boykote dosye a pou limyè pa fet, raple deja gen 5 jij ki dezinye nan kad afè sa.
Avoka a ki kwè fok limye fet nan kad asasina sa , raple youn nan detni kite gen non li site nan krim sa mouri nan prizon an malgre demand otopsi konsey defans lan, otorite yo te pito boule kadav la.

6.- Libérasyon Samyr Handal, se otorite yo menm an ayiti Ki te mal kominike dokiman yo pou Handal pat ekstrade an ayiti.
Se Yon aksyon planifye dapre avoka fanmi Moise yo.
Met Emmanuel Jeanty ki klè sou sa , avanse kek agiman Ki montre se eksprè gouvènman ayisyen fè.
Avoka a mete otorite yo an défi pou pibliye dokiman yo te kominike bay peyi Turquie 🇹🇷 pou te egzije yo ekstrade Samyr Handal.

7.- 363 kondane sou 3698 prizonye nan penitansye nasyonal ,dapre pwotekte siwtayen an ki pa kache prewokipasyon li pa rapo ak ensekirite jeneralize ki genyen nan peyi a ,sa ki lakoz tribinal premye enstans kwadebouke ak potoprens pa ka fonksyone.
Plis pase 4 lane depi tribinal premye enstans potoprens la pa oganize okenn sesyon asiz kriminel ak asistans jiri ,dapre Met Renan Hedouville.
Pwotekte sitwayen an reklame bokote otorite yo pou relokalize pou yon ti bout tan tribinal yo ,yon fason pou yo kapab kontinye fonksyone.

8.- Plizye ka kidnapin anrejistre nan kapital la aye madi a – Bandi ak gwo zam kidnape 4 anplwaye ONA ,pa two lwen mache salomon.
Gwo mouvman boule kawotchou nan zon delma 17 kote anplwaye viktim yo tap travay . dapre enfomasyon yo pami viktim yo gen enspekte ak yon chofe.

9.- Finalman ravise yo libere kont ranson Jean Junior Joseph, yon kad nan primati,apre anviwon 10 jou li pase nan men kidnape yo.
Jean Junior Joseph selon enfomayon yo te sekestre nan katye ranvin.

Coordination : Peterson LUXAMA.
Rédaction : Dieuseul GUERRIER.
Réalisation et mise en ligne : Mysuel THIMOTEE.

source

Leave A Reply

Your email address will not be published.